Chalè / Rezon ki lakoz
Depi kòmansman ete a, li pa sispann fè cho, plis mwa ap pase se plis nivo chalè a ap ogmante.
Pandan mwa Jiyè sa, tèmomèt yo preske pa janm desann anba 31°C pandan jounen yo e 22°C pandan lannwit. Tanperati yo pa lwen desann jouk rive mwa oktob, novanb daprè UHM (unité hydrométéorologique)
Gen anpil rezon ki eksplike poukisa li fè tout chalè sa nan peyi a sitou nan lannwit. Anpil moun ap di se rechofman klimatik la ki lakoz men nap presize pou ou, gen anpil lòt rezon toujou ki lakoz.
Pami lòt rezon yo, nou jwenn:
Konstriksyon beton yo
Pòtoprens se yon vil kote majorite konstriksyon yo fèt ak beton, se prensipal koz elevasyon tanperati. Beton absòbe anpil chalè pandan lajounen e degaje yo pandan lannwit. Plis gen beton se plis tan chalè a pran pou li degaje.
Avan beton an degaje tout chalè li te absòbe yo konplètman pandan lannwit la, solèy la ap gentan leve. Kantite chalè sa ki pa degaje vinn jwenn ak nouvo kantite chalè beton an pral absòbe, sa ki vinn fè chalè a pi plis pandan lajounen.
Fason nou kontwi
Pi fò kay nou yo pa gen espas konsiderab ant yo, sa ki lakoz pa gen yon bon sikilasyon chalè nan espas lib.
Nan bidonvil yo, kay yo pa vrèman gen fenèt, yo pa vrèman gen galri ki pou anpeche reyon solèy la frape dirèkteman mi chanm yo.
Pa gen ase pyebwa
Daprè plizyè etid ki fèt, plante pyebwa diminye kantite chalè nan yon espas. Debwazman se youn nan pi gwo koz yo, lè pa gen pyebwa ki pou resevwa dirèkteman reyon solèy la se mi kay yo ki resevwa l e ki pral degaje l.
Kouran maren « El Nino / pitit Jezi »
Gen yon kouran maren ki rele El Nino oubyen pitit Jezi ki fè aparisyon l chak 2 ak 7 lane ki lakoz tout chalè sa nan peyi a pandan dènye mwa sa yo. Kouran maren sa pran nesans sou bò lanmè Endonezi ak Nò Ostrali.
Tout vag dlo sa yo vinn anvayi bò lanmè Amerik Sid ak Amerik Santral la. Fenomèn« Evapotranspirasyon » pèmèt dlo cho a melanje ak lè (air) e olye pou li ta fè lapli se plis chalè li fè paske lè (air) a vinn pi sèk.
Konesans Enfrastrikti ap oukaraje w :
-Bwè dlo apre chak 2è nan yon jounen
-Evite ekspoze kòw nan solèy soti 11è pou rive 4è nan apre midi.
Commentaires
Enregistrer un commentaire