Seisme ou Tremblement de terre?
Tranbleman latè oubyen Seyism ?
Tranbleman latè ak seyism se 2 tèm yo konfonn pi souvan, gen moun ki konn menm di « seyism oubyen tranbleman latè". Jodi an mwen ap di nou ke 2 tèm sa yo diferan. Seyism se yon liberasyon ak pwopagasyon enèji sou fòm ond sismik sòti depi nan pwofondè tè a pandan plak yo ap fè deplasman epi ki vinn vibre nan sifas tè an. Poutan, tranbleman latè a se vibrasyon tè a anba pye w kòm pa egzanp lè gen yon gwo traktè ap pase bò yon wout , li fè tranbleman, nan kad yon vòlkan, gen menm tranbleman. Donk nou kabap di ke tout seyism se yon tranbleman latè men tout tranbleman latè pa seyism.
Orijin seyism
Mouvman relatif plak tektonik yo (ki se yon ansanm gwo mòso nan litosfè an) pral bay yon eta kontrent.
Mouvman plak tektonik sa yo, sak koze yo se selil konveksyon tè an (yon selil konveksyon se yon volim nan glòb tèrès la ki soumi ak kouran konveksyon . Sa vle di kisa ? Gen deplasmam sikilè matyè cho ki defini selil yo) pral gen yon akimilasyon enèji, jiska yon deplasman ou detachman brital, se sa ki rele seyism la.
Majorite seyism yo pwodwi nan fwontyè plak yo paske se nan zòn sa yo kontrent yo pi si, lè sa yo pale « seyism entèplak » men sa ka rive vin gen defòmasyon kasant, ke yo rele fay (faille) nan yon plak sou efè de menm akimilasyon kontrent sa yo nan frontyè plak yo. Seyism ki pwodwi sou fay sa yo, yo rele yo"seyism entraplak".
Aktivite endistriyèl yo tou kapab chanje kontrent yo nan krout tèrès la, an patikilye nan ka eksplwatasyon oubyen estokaj nan pwofondè resous souterèn yo (gaz, dlo). Miz nan dlo baraj yo kabap deklannche seyism yo tou.
Ernso DORVILUS, étudiant en deuxième année Géologie, ENGA (Ecole Nationale de Géologie Appliquée)
Kenbe konsa patnèm
RépondreSupprimerOk!
SupprimerBon travay
RépondreSupprimerEnteresan
SupprimerBon travay Kanmarad anm...
RépondreSupprimer