Chalè / Rezon ki lakoz
Depi kòmansman ete a, li pa sispann fè cho, plis mwa ap pase se plis nivo chalè a ap ogmante. Pandan mwa Jiyè sa, tèmomèt yo preske pa janm desann anba 31°C pandan jounen yo e 22°C pandan lannwit. Tanperati yo pa lwen desann jouk rive mwa oktob, novanb daprè UHM (unité hydrométéorologique) Gen anpil rezon ki eksplike poukisa li fè tout chalè sa nan peyi a sitou nan lannwit. Anpil moun ap di se rechofman klimatik la ki lakoz men nap presize pou ou, gen anpil lòt rezon toujou ki lakoz. Pami lòt rezon yo, nou jwenn: Konstriksyon beton yo Pòtoprens se yon vil kote majorite konstriksyon yo fèt ak beton, se prensipal koz elevasyon tanperati. Beton absòbe anpil chalè pandan lajounen e degaje yo pandan lannwit. Plis gen beton se plis tan chalè a pran pou li degaje. Avan beton an degaje tout chalè li te absòbe yo konplètman pandan lannwit la, solèy la ap gentan leve. Kantite chalè sa ki pa degaje vinn jwenn ak nouvo kantite chalè beton an pral absòbe, sa ki vinn fè chalè a pi p...